Kiyes nou ye ?
Lotto International S.A, “LISA Lotto”, se premye konpayi lotri ayisyen ki menmen jwèt bòlèt nan plamen tout amatè jwèt pou yo ka fè rèv yo tounen reyalite pi rapid.
Depi lè bòlèt komanse nan peyi a, jwè yo te toujou oblije deplase pou al achte oswa touche fich bolèt yo epi tou lè fich sa pedi, se tout rèv ak espwa gayan sa ki vole ale.
Depi 2011, LISA Lotto chanje bagay yo e vini ak bòlèt sou selilè. Li ofri tout menm jwèt pèp ayisyen konnen e renmen, e li ajoute plisyè jwèt lotri ki peye gwo Djakpot pou fè moun vinn milyonè !
A lè ki le, jwè yo ka jwe jwèt LISA Lotto yo an tout sekirite, nenpòt ki kote, nenpòt kilè sou telefòn selilè yo avèk kòd *888# oswa sou Apliksyon LISA a.