Kesyon Moun Poze Souvan
LISA se yon konpayi jwèt azà ki ofri jwèt lotri ak jwèt bolèt ak sèvis sou telefòn selilè.
LISA se sèl antrepriz kote ou kapab fè plasman nan jwe loto oswa bolèt san moun pa konn afèw.
LISA gen yon platfom ki sekiritè e fyab kote li toujou respekte angajman li. LISA garanti ke tout enfòmasyon ki bay rete sekrè e konfidansyel.
Si ou ta renmen aplike nan yon pòs nan LISA, ou ka voye yon CV nan adrès imèl sa a: admin@lisa.ht
Eske LISA gen kontròl moun ki genyen yo?
Lè ou rankontre yon difikilte sou sistèm nan, rele nan 888 oswa a pati lot fason yo, kontakte yon ajan LISA kap ba ou bon jan èd.
Tout moun ki gen 18 lane akonpli e plis ki genyen yon telefòn ki aktivite sou rezo Digicel la kapab jwe nan LISA.
Pou jwe nan LISA ou bezwen yon telefòn ki aktive sou rezo Digicel la avèk kredi sou kont LISA a ou, oswa ou ka jwe ak minit ki sou kont Digicel ou.
Minè ka pa gen dwa jwe nan LISA. Fok ou gen plis pase 18 lane akonpli pou jwe jwèt LISA yo.
Sèvis la disponib sou tout teritwa nasyonal la. Ou pa bezwen abite Potoprens pouw jwe, depi ou genyen yon telefòn Digicel ou ka jwe san grate tèt.
Yon moun ki pa Ayiti, men ki sou ''roaming'', ka jwe tout jwèt LISA san grate tèt. <> Pa ezite rele nou nan 888 pou plis enfòmasyon, kote yon ajan sèvis kliyan LISA pral asiste ou.
Fòk ou tape yon kòd LISA pou aktive kont LISA ou. Kont ou ap baou plizyè avantaj. Kidonk nap ankouraje ou kreye yon kont epi kreye kòd sekrè ou.
Moun ki gen kont prepaye ka jwe jwèt LISA yo. Kont ou dwe genyen minit Digicel. Ou ka rechaje kont ou ak yon ajan Pappadap, MonCash oswa ak aplikasyon an pou ou ka jwe.
Moun ki gen kont postpaye ka jwe jwèt LISA yo. Kont ou dwa gen minit Digicel. Ou ka rechaje kont ou ak yon ajan Pappadap, MonCash oswa ak aplikasyon an pou ou ka jwe.
Pou jwe nan LISA pi piti ou ka jwe se 1 Goud ki ka mize nan plizyè jwèt bolèt. Pri pou jwe BOLOTO a se 50 Goud.
Ou ka jwe jwèt LISA yo nenpòt ki lè, lajounen kou lannwit. Sonje gen de 8 tiraj pa jou.
Tout kont postpeye pa gen menm privilèj. Siw gen yon kont postpeye ibrid, ou ka rechaje kont Digicel pou ou pou ou ka jwe. Si ou ta gen yon kont postpeye ki pa ibrid, kontakte sèvis kliyan LISA a, pou jwenn asistans.
Ou ka rechaje Kont LISA ou avèk kont MonCash ou, oswa si ou gen yon zanmi ki gen kredi sou kont LISA li li ka voye pou ou pou w pran chans ou. <> Lè tranzaksyon an fin fèt, wap toujou resevwa yon SMS konfimasyon.
Pou verifye balans kont LISA ou wap tape kòd sa sou selilè ou * 888 * 2 # epi voye l ale. Wap resevwa enfomasyon sou kredi ou genyen pou jwe, balans BONIS ou ak valè lajan ou ka touche.
Èske mwen ka jwe LISA sou kompitè?
Pou ou telechaje aplikasyon LISA a, wap bezwen data sou selilè ou pou ale nan '' App Store'' oswa sou ''888.lisa.ht'' ; wap tape LISA Lotto epi wap peze sou bouton telechaje a. <> Pou sipò rele sèvis kliyan nan 888.
Pou jwe nan LISA, ou bezwen yon telefòn selilè ki aktive sou rezo Digicel la ki gen minit sou kont lan. <> Si ou pa gen minit ou ka rechaje ak yon ajan Pappadap, oswa rechaje kont ou apati kont MonCash ou ak tout lòt mwayen rechaj Digicel ofri. <> Men kòd pou w fè pou w jwe: <> BOLOTO fè *881* 3 boul #VOYEL ALE <> Ex : *881*231242#VOYEL ALE <> ROYAL5 fè *886* 5 chifl #VOYEL ALE <> Ex : *886*23124#VOYEL ALE <> LOTTO5P5 fè *720* 5 chif #VOYEL ALE <> Ex : *720*23124#VOYEL ALE <> BOLET fè*882* 1 boul * valè wap mize #VOYEL ALE <> Ex : Pou jwe 23 pou 50 goud fè *882*23*50#VOYEL ALE <> MARYAJ fè*882* 2 boul * valè wap mize #VOYEL ALE <> Ex : Pou jwe 23-15 pou 100 goud fè *882*2315*100#VOYEL ALE <> LOTTO3 fè *883* 3 chif* valè wap mize #VOYEL ALE <> Ex : Pou jwe 231 pou 50 goud fè *883*231*50#VOYEL ALE <> LOTTO4 fè *884* 4 chif * valè wap mize * opsyon tiraj #VOYEL ALE <> Ex : Pou jwe 2312 pou 100 goud fè *884*2312*100#VOYEL ALE <> LOTTO5 fè *885* 5 chif * valè wap mize* opsyon tiraj #VOYEL ALE <> Ex : Pou jwe 23124 pou 100 goud fè *885*23124*100#VOYEL ALE <> BOULCHO fè*887* 1 boul * valè wap mize #VOYEL ALE <> Ex : Pou jwe 23 pou 50 goud fè *887*23*50#VOYEL ALE <> Lè ou fin jwe biyè a wap resevwa yon mesaj SMS kap konfime tranzaksyon an ak nimewo ou jwe, dat ak lè tiraj biyè a te aksepte. Se li ki 'Fich' ou!
LISA gen yon platfom ki sekiritè, ki fyab e se sèl kote ki bay envestisman kliyan yo valè. LISA toujou garanti lajan chak kliyan yo ak kote yo ka touche lajan an sekirite.
BOLOTO se yon jwèt lotri kote jwè a ka genyen DJAKOT LA! Pou jwe wap chwazi 3 boul epi wap fè kòd sa a: * 881 * 3 boul #VOYEL ALE <> (Pri biyè a 50G) <> Depi ou jwenn 3 boul yo nan lòd wap genyen 10,000,000 Goud pou pipiti.
Combo6-BOLOTO se yon opsyon kote sistèm lan pwal melanje 3 boul ou chwazi yo, epi li achte 6 konbinezon posib avèk 3 boul sa yo, nan yon sèl tranzaksyon (6 tikè-300G). <> Biyè ki pral gen 3 boul yo nan lòd pral pèmèt ou genyen Djakpot la. 5 lòt biyè yo pral pèmèt ou genyen 5 fwa dezyèm prim nan, ki vle di wap touche 5 fwa 250,000 Goud, pou yon total de 1,250,000 goud plis Jakpot la! <> Pou jwe Combo6 fè *881*6*3boul#VOYEL ALE
BOLET se yon jwèt aza tout ayisyen jwe, kote ou ka genyen 10x, 20x, oswa 50x valè sa ou mize a. <> Nan LISA, ou ka jwe yon boul soti 00 rive 99, epi mize pou pipiti 1 rive 10,000 Goud.
Jwe nenpòt boul soti 00 rive 99 pou ou ka gen chans genyen 50x, 20x, oswa 10x lajan ou mize a! <> Pou jwe BOLET wap fè * 882 * 1 boul * valè lajan #VOYEL ALE <> Mize pou pipiti 1 rive 10,000 Goud. <> Si boul ou chwazi fè 1e lo, wap resevwa 50x valè sa ou mize a. <> Si boul ou chwazi fè 2e lo, wap resevwa 20x valè sa ou mize a. <> Si boul ou chwazi fè 3e lo, wap resevwa 10x valè sa ou mize a.
Jwe 2 boul soti 00 rive 99, mize pou pipiti 1 Goud pou ou ka gen chans genyen 1,000x lajan ou mize a! <> Si 2 boul ou jwe yo soti mem jan li soti nan tiraj la wap genyen 2,000x sa ou te mize! <> Pou jwe MARYAJ wap fè * 882 * 2 boul * valè lajan #VOYEL ALE <> Règ jwèt la : <> Pa gen biyè ki jwe epi ki aksepte pap ka anile oswa ni ranbouse <> Rezilta jwèt yo baze sou rezilta tiraj lotri eta yo (NY-FL-GA-TN), epi yo pibliye chak jou.
Jwe 3 chif soti 0 rive 9, mize pou pipiti 1 Goud pou ou ka gen chans genyen 500x lajan ou mize a! <> Si 3 chif ou jwe yo soti nan lòd wap genyen 500x sa ou te mize! <> Pou jwe LOTTO3 wap fè * 883 * 3 chif * valè lajan #VOYEL ALE. <> Règ jwèt la : <> Pa gen biyè ki jwe epi ki aksepte pap ka anile oswa ni ranbouse. <> Rezilta jwèt yo baze sou rezilta tiraj lotri eta yo (NY-FL-GA-TN), epi yo pibliye chak jou.
Jwe 4 chif soti 0 rive 9, mize pou pipiti 1 Goud pou ou ka gen chans genyen 5,000x lajan ou mize a! <> Si 4 chif ou jwe yo soti nan lòd opsyon ou te chwazi wap genyen 5,000x sa ou te mize! <> Pou jwe LOTTO4 wap fè * 884 * 4 chif * valè lajan * opsyon #VOYEL ALE. <> Règ jwèt la : <> Pa gen biyè ki jwe epi ki aksepte pap ka anile oswa ni ranbouse. <> Rezilta jwèt yo baze sou rezilta tiraj lotri eta yo (NY-FL-GA-TN), epi yo pibliye chak jou.
Jwe 5 chif soti 0 rive 9, mize pou pipiti 1 Goud pou ou ka gen chans genyen 25,000x lajan ou mize a! <> Si 5 chif ou jwe yo soti nan lòd opsyon ou te chwazi wap genyen 25,000x sa ou te mize! <> Pou jwe LOTTO5 wap fè * 885 * 5 chif * valè lajan * opsyon #VOYEL ALE. <> Règ jwèt la : <> Pa gen biyè ki jwe epi ki aksepte pap ka anile oswa ni ranbouse. <> Rezilta jwèt yo baze sou rezilta tiraj lotri eta yo (NY-FL-GA-TN), epi yo pibliye chak jou.
Chwazi 5 chif soti 0 rive 9 pou 5 Goud pou genyen chans leve Djakpot la ki se 200,000+ Goud!<> Si ou jwen 5 premye chif tiraj la, wap genyen Djakpot la ki se plis ke 200,000.00+<> Goud.Si ou jwen 4 premye chif yo nan<> tiraj la, wap jwenn 5,000.00 Goud. <> Si ou jwen 3 premye chif yo wap jwenn 500.00 Goud. <> Si ou jwenn 2 premye chif yo wap jwenn 10.00 Goud.<> Pou jwe wap fè * 720 * 5 chif #VOYEL ALE.<> Règ jwèt la :<> Pa gen biyè ki jwe epi ki aksepte pap ka anile oswa ni ranbouse.<> Rezilta jwèt yo baze sou rezilta tiraj lotri eta yo (NY-FL-GA-TN), epi yo pibliye chak jou.
Ou ka jwe menm tikè yo plizyè fwa, epi sistèm nan ap mandew pou pu tann 1 minit anko avan ou rejwel.
Pou jwèt ou ka mize pou pipiti 1 Goud.
Nan LOTTO5 ou jwe 5 chif pou vale lajan ou vle soti 1 Goud rive 75 Goud epi ou chwai yun nan 3 opsyon yo pou ou ka genyen 25 mil fwa lajan ou te mize. <> Nan LOTTO5P5 ou jwe 5 chif pou 5 Goud pou pran chans genyen Djakpot ki se 200mil Goud pou pipiti.
Ou ka jwe Konbo pou 5 jwèt: <> 1) BOLOTO <> 2) LOTTO3 <> 3) LOTTO4 <> 4) LOTTO5 <> 5) MARYAJ <> Ou ka jwe tout konbinezon posib yo ak boul oswa chif ou te chwazi yo.
QuickPick se yon opsyon LISA ofri bay jwè ki pa konn ki boul pou yo jwe. Sistèm nan chwazi boul yo sou aza.
QuickPick se yon opsyon nan jwèt LISA yo, lè ou jwel sistèm nan chwazi pou ou chif oswa boul yo pou ou. <> Pou jwe yon tikè QuickPick : <> BOLOTO fè *881*5# VOYEL ALE <> ROYAL5 fè * 886 * 5 # VOYEL ALE <> LOTTO5P5 fè *720*5# VOYEL ALE <> LOTTO5 fè *885*5*valè wap mize # VOYEL ALE <> LOTTO4 fè *884*5*valè wap mize# VOYEL ALE <> LOTTO3 fè *883*5*valè wap mize# VOYEL ALE <> BOLET fè *882*5*valè wap mize# VOYEL ALE <> MARYAJ fè *882*6*valè wap mize# VOYEL ALE <> Pou jwe plizyè tikè QuickPick : <> BOLOTO fè*881*5*kantite tikè ou vle jwe# VOYEL ALE <> ROYAL5 fè *886*6*kantite tikè ou vle jwe# VOYEL ALE <> LOTTO5P5 fè *720*6*kantite tikè ou vle jwe# VOYEL ALE <> LOTTO5 faites *885*6*valè wap mize*kantite tikè ou vle jwe# VOYEL ALE <> LOTTO4 faites *884*6*valè wap mize*kantite tikè ou vle jwe# VOYEL ALE <> LOTTO3 faites *883*6*valè wap mize*kantite tikè ou vle jwe# VOYEL ALE <> (10 biyè Maximom) <> Kòb ou jwe tikè QuickPick ou yo ap soti sou kont LISA ou siw te gen lajan sou kont Lisa'w oswa sou kont Digicel ou. Si ou jwe plizyè Quickpick yon sèl kou, lajan an ap miltipliyé pou kantite tikè ou te jwe.
QuickPick ak Konbo se 2 sèvis diferan. <> QuickPick la se lè ou pa gen boul epi sistèm nan chwazi boul yo pou ou. <> Konbo li menm se lè sistèm nan jwe tout opsyon yo pou ou.
Depi ou jwe yon biyè QuickPick, wap resevwa yon mesaj SMS ki pou konfime chif oswa boul sistèm nan chwazi pou ou.
Pa gen strateji ki define koman yo chazi numewo yo, yo chwazi pa aza.
Jwe nenpòt boul soti 00 rive 99 pou ou ka gen chans genyen 80x lajan ou mize a! <> Sou aplikasyon an chwazi jwèt la epi jwe boul ou. <> Pou jwe BOULCHO wap fè * 887 * 1 boul * valè lajan #VOYEL ALE <> Mize pou pipiti 5 rive 5,000 Goud.
Pou kreye kòd sekrè LISA’w wap fè *888*4*1 #VOYEL ALE epi wap swiv enstriksyon yo.
Pou chanje kòd sekrè LISA ou, wap fè * 888 * 4 * 1 #VOYEL ALE. Mete ansyen kòd sekrè ou a epi antre nouvo a kòd sekrè ou a. <> Oswa rele nan 888 yon ajan edew.
Rele sèvis kliyan LISA gratis nan 888, yon ajan ap la pou ede w.
Pou chanje opsyon lang nan fè * 888 * 4 #VOYEL ALE, lè meni an parèt chwazi opsyon 2 a epi peze chif ki koresponn avèk lang ou vle chawzi a : <> 1. Kreyòl <> 2. Fransè <> 3. Anglè
Djakpòt pwogresiv se yon gwo lo ki kontinye ogmante apre chak tiraj lè pa gen moun ki genyen li.
Pari mityèl se yon pwensip paryaj kote Djakpot la ap pataje pami tout moun ki ta genyen li. Eg: Si ta gen 2 moun oswa plizye moun ki ta genyen yon gwo lo 10,000,000.00 Goud lap pataje an pati egal ki se 5,000,000.00 Goud.
Lè w aktive sèvis tikè otomatik, ou ka chwazi chif oswa boul paw pou sistèm nan jwe yo pou ou pou chak tiraj.
Sèvis otomatik la disponib selman pou 3 jwèt LISA: BOLOTO, LOTTO3 ak LOTTO5P5. <> Pou aktive tikè otomatik yo: <> BOLOTO, fè * 881 * 0 * 3 boul #VOYEL ALE <> ROYAL5 fè * 886 * 0 * 5 chif #VOYEL ALE <> LOTTO3, fè * 883 * 0 * 3 Chif * valè wap mize #VOYEL ALE <> LOTTO5P5, fè * 720 * 0 * 5 chif #VOYEL ALE
Si ou aktive sèvis otomatik la, yon moman aprè tiraj la fin fèt, tikè ou te jwe a ap tou rejwe pou lòt tiraj la.
Men koman mwen ka dezactive sevis tikè otomatik la: <> BOLOTO, fè * 881 * 00 # VOYEL ALE <> ROYAL5, fè * 881 * 00 # VOYEL ALE <> LOTTO3, fè * 883 * 00 # VOYEL ALE <> LOTTO5P5, fè * 720 *00 # VOYEL ALE
Lew aktive sèvis tikè otomatik lan, sistèm jwe pou ou chif oswa boul ou te chwazi a otomatikman. Oken chif oswa boul ou pat chwazi pouw te jwe avan, sistèm nan pap jwe yo.
Ou kapab mize sou jwèt ke ou vle pou valè fwa ou vle.
Aprè 30 jou, depi ou pa gen okenn aktive sou sitèm nan ou pap resevwa SMS LISA anko.
Aprè 30 jou, depi ou pa gen okenn aktive sou sitèm nan ou pa resevwa mesaj notifikasyon LISA yo anko.
Pou verifye tout biyè ou te jwe anvan tiraj la fèmen, fè *888*9# VOYEL ALE wap resevwa yon sms kap ba ou tout saw te jwe pou tiraj la.
Chak biyè ou jwe nan LISA wap resevwa yon mesaj. Mesaj sa se li menm kap konfime si biyè a aksepte ou pa.
Aprè ou finn jwe si ou pa resevwa yon mesaj kap konfime si biyè a aksepte rele sèvis kliyan nan 888 pou yon ajan ka konfime tranzaksyon an.
Pou mwen konnen si biyè mwen yo aksete nan LISA, fok ou resevwa yon mesaj ki konfime ke boul ki jwe yo aksepte avèk yon nimewo idantifikasyon; si ou pa gen enfomasyon sa yo LISA pap ka resevwa oken demand pou pèman biyè a ka respekte.
Aprè chak tiraj, rezilta yo disponib sou sit LISA, sou rezo sosyo LISA ak sou aplikasyon mobil LISA a. Tiraj yo soti a 10:28AM pou tiraj Tenesi ; twa fwa pandan jounen an pou tiraj Joyia 12:30PM, 6:59PM ak 11:34PM ; fwa pandan jounen an, 2h30PM pou lajounen epi 10h30PM pou aswè pou tiraj New-York ak 1h30PM pou lajounen epi 9h45PM pou aswè pou tiraj Florida.
Tiraj yo baze sou lotri Tenesi 10:28AM, lotri Joyia 12:30PM, 6:59PM ak 11:34PM , New-York 2h30PM ak 10h30PM avèk tiraj lotri Florida 1h30PM ak 9h45PM. <> Ou ka verifye rezilta yo sou sit LISA, sou rezo sosyo LISA ak sou aplikasyon mobil LISA a avèk sou selilè w, wap fè *888*8# VOYEL ALE.
Pouw verifye nimewo ki soti yo fè kòd li sa: <> *881*3#VOYEL ALE pou BOLOTO <> *886*3#VOYEL ALE pou ROYAL5 <> *882*3#VOYEL ALE pou BOLET <> *883*3#VOYEL ALE pou LOTTO3 <> *884*3#VOYEL ALE pou LOTTO4 <> *885*3#VOYEL ALE pou LOTTO5 <> *720*3#VOYEL ALE pou LOTTO5P5 <> Nimewo genyen yo pibliye sou sit entènèt LISA a nan www.lisa.ht avèk sou paj rezo sosyo aprè rezilta yo tonbe. Rezilta yo disponib tou sou telefòn ou oswa sou Aplikasyon mobil LLISA a, oswa nan fè * 888 * 8 # VOYEL ALE - Yon frè 2 Goud ap debite sou kont Digicel ou a pou tranzaksyon sa a.
Si ou pa jwen mesaj konfimasyon pou biyè ou jwe yo, sa vle di biyè a pa pase. Rele nan sèvis kliyan nan 888 yon ajan ap edew.
Ak LISA biyè ou jwe epi ki te aksepte nan sistèm nan pa ka pedi. Ou ka toujou rele nan 888 la pou verifye pou ou.
Pou refere yon zanmi, fè *888*509 nimewo telefòn zanmi an #VOYEL ALE. <> Depi zanmi ou refere jwe pou pipiti 1,000 Goud, pandan yon peryòd 30 jou apati dat aktivasyon an wap resevwa 5% de valè li jwe a sou kont LISA ou. <> Ou ka refere valè moun ou vle. Tout nouvo itilizatè BOLOTO ap otomatikman resevwa bonis byenvini pou yo jwe nan pwochen an.
Mwen refere yon zanmi ak pwogram referans lan, men mwen poko resevwa kredi pou refans sa. Kisa ki pase?
Rezilta jwèt LISA a baze sou tiraj ki fèt nan peyi etranje (Eta: Nouyok, Florida, Joyia, Tenesi).
Si tout fwa ou pata gen chif pouw jwe, gen plizye lot fason ou ka jwenn boul pouw jwe tankou: <> Si ou pa wè ki chif ou ta jwe, opsyon QuickPick ap chwazi o aza chif yo pou. <> Si ou ta vle rejwe nimewo paw yo anko pou chak tiraj, sèvis biyè otomatik nou an ap rejwe yo pou ou otomatikman. <> Si ou vle jwe diferan konbinezon nan chif ou te chwazi yo, chwazi Opsyon Combo a. <> Oswa ou ka tcheke boul rale boul, atraksyon, konparel ak lòt anko.
Siw vle kenbe yon boul pouw rejwe ou ka itilize sivis abònman otomatik lan.
Tout biyè ki aksepte yo anrejistre nan sistèm LISA a. Aprè chak tiraj, sistèm nan konpare tout biyè yo ak nimewo ki soti yo selon règ chak jwèt.
Tout biyè ki gentan aksepte nan sistèm nan pap ka anile.
Si ou pa biyè ou te jwe a nan lis la se ke li pat aksepte .
Si ou te resevwa yon SMS konfimasyon pou biyè ou jwe ki gen lo gayan yo, kontakte sèvis kliyan an gratis nan 888 - Si ou pa te resevwa yon SMS ki konfime biyè ou, se ke biyè sa pa valid.
Bonis LISA ou ka itilize yo pou jwe jwèt LISA yo. Menm si ou ta gen minit sou kont Digicel ou oswa sou kont LISA ou, sistèm nan ap touche sou kont BONIS LISA anvan.
Si ou rankontre difikilte pou kreye yon kont LISA, rele nan sèvis kliyan LISA gratis 888 yon ajan ap edew.
Tout jwè ki genyen Djakpot BOLOTO, ROYAL5 oswa LOTTO5P5 la, ap vini nan santral LISA a pou reklame prim ou yo. Yon ajan sevis kliyan LISA a ap kontakte’w pou pran yon randevou oswa gayan yo ka kontakte sèvis kliyan Lisa a direkteman nan pa telefòn nan 888. <> Lè gayan vini nan santral LISA a, lap gen pou ranpli yon fòm epi pran foto. Yon pati nan prim nan ka touche direkteman kay yon ajan otorize nou yo epi rès lan ap ka touche direkteman nan LISA. <> Gayan ka chwazi pou resevwa prim li yo pa transfè bankè. Tout prim yon jwè ta genyen, yon lot jwè pap ka reklame li san eksepsyon. <> Si ou ta genyen nan lot jwèt LISA yo, lajan an ap monte sou kont LISA ou e wap ka al touche li kay ajan otorize LISA yo, tankou MonCash ak SogeXpress. <> Lajan an ka transfere sou kont MonCash ou, ak sèvis disponib 7/7. <> Gayan an kapab ale nan nenpòt biwo SogeXpress ki gen afich LISA yo pou tire lajan an. Gayan an ka pataje prim li ak yon lòt zanmi ki sou rezo Digicel la ki ta renmen fè eksperyans lan. <> Tout prim ou genyen nan LISA ou gen dwa reklame yo nan yon delè ki pa depase 90 jou, a pati de dat tiraj la fèt la. Depi dat sa pase LISA pap ka responsab peman prim nan, kap mete sou gwo lo a. Nan Ka sa, jwè a ap aksepte pèdu tout dwal sou prim sa.
Lèw genyen nan LISA wap bezwen yon pyès idantite ki gen foto pou verifye ke tèm ak kondisyon sou laj otorize pou jwe a te respekte.
Yon ajan sèvis kliyan ap kontakte gayan an pou pran yon randevou ak yon manm nan ekip LISA a. Gayan an kapab kontakte LISA gratis nan 888 oswa nan (509) 388 1000.
Ou ka touche lajan ou genyen nan kabin SogeXpress oswa biwo MonCash. Wap swiv tout etap yo sou telefòn oswa ou ka ale kay yon ajan otorize pou touche lajan rapid epi san danje. <> Siw genyen nan LISA ou gen pou reklame lajan nan yon peryod 90 jou apre ou fin genyen an. Apre peryòd sa a, LISA pap responsab pou peman si la.
Lè yon moun genyen DJAKPOT BOLOTO, ROYAL5 oswa LOTTO5P5, lap vinn pran prim li nan santral LISA a. <> Yon ajan sèvis kliyan LISA ap kontakte gayan an pou pran yon randevou oswa gayan ka kontakte ekip LISA nan 888 la gratis. <> Li enpotan pou gayan vini ak yon pyès idantite ak telefòn ki gen ki prèv kew genyen an. <> Si ou ta genyen nan lot jwèt LISA yo, lajan an ap monte sou kont LISA ou e wap ka touche kay ajan otorize LISA yo, tankou SogeXpress ak MonCash.
Ou gen 90 jou pou reklame prim ou. Si ou pa reklame’l nan peryod 90 jou sa, ou pap ka reklame prim sa anko.
Pouw al touche kòb ou nan SogeXpress wap bezwen telefòn ou ilitze pou jwe, kòd sekrè LISA’w la ak yon pyès idantite.
Pou touche nan MonCash, wap gen pou voye lajan ou genyen an sou kont ou epi wap bezwen telefòn nan ak yon pyès idantite lèw rive nan biwo yon ajan MonCash.
Pou voye lajan ou genyen nan LISA sou kont MonCash ou, wap fè *888*3*3#VOYEL ALE epi wap swiv etap yo: <> 1-Wap chwazi 1 pouw ka kreye kont MonCash si tout fwa ou pot ko genyen kont MonCash. <> 2-Wap chwazi 2 si tout fwa ou te gentan genyenl. <> 3-Wap antre valè ou ta renmen voye. <> 4-Pou fini wap rantre kòd sekrè LISA'w la. <> Apre tout etap sa yo wap resevwa yon SMS pou konfime transaksyon ou an. Fè *202# pou verifye balans kont MonCash ou.
Pa gen okenn taks ki soti sou sa ou genyen nan LISA, ni lè wap touche nan SogeXpress, ni lè wap voye lajan sou kont MonCash ou, ni lè wap vin pran prim ou nan santral LISA a. Transfè sou MonCash yo gratis; frè yo gen dwa aplike lè itilizatè a ap fè yon retrait nan pwen MonCash yo.
Depi ou genyen nan LISA kelke minit apre tiraj la fin fèt prim ou ap monte sou kont LISA w. Ou ka touche nan yon SogeSpress oswa voyel sou MonCash ou.
Men gen dwa pataje non, nimewo telefon ak foto gayan jwèt li yo. Li ka mande kolaborasyon gayan yo kad kanpay medya oswa yon temwayaj de eksperyans lan. <> LISA vle pwoteje tout kliyan li yo. Kidonk si gayan an ta vle rete sekrè sa posib tou.
Rezo pèman an se yon strikti ki mete en plas pou fasilite chak kliyan LISA yo touche rapid, san danje.
Si tout fwa ou ta gen difikilte pouw touche nan pwen pèman MonCash oswa SogeXpress, rele nan sèvis kliyantèl pou yon ajan ede w.
Lew genyen nan LISA ou ka touche nan yon kabin SogeXpress oswa voye lajan w lan sou kont MonCash ou.
Lè ou genyen nan LISA, ou pa gen taks pou peye, wap touche tout lajanw nan men ou. Sèlman pou prim Djakpot la, kote yon taks 5% ap pran sou total lajan ou genyen an (Atik 3 C.F.G.D.C.T 'Contributions au Fonds de Gestion de Développement des Collectivités Nationales').
Pou rezoud sa rele nan sèvis kliyan LISA nan 888 yon ajan ap verifye pou ou.
pou rezoud pwoblem sa rele nan 888 yon ajan ap verifye pou ou.
Chak fwa ou jwe nan LISA, ou ka atann ke Lisa rezeve dwa li pou li itilize imaj ou nan kek pwogram pwomosyonèl oswa kanpay piblisitè, san okenn lòt konpansasyon. <> Tout jwè ki genyen nan LISA angaje yo pou yo kolabore ak LISA nan tout piblisite media. <> Gayan yo dwe konnen e aksepte ke LISA gen dwa sede moso ou an pati tout ki te fèt nan non oswa ak imaj li ak tout lòt patnè li yo.
Depi w genyen, wap resevwa yon SMS ki pou di w ki boul ki tonbe, konbyen kòb ou fè, pou ki tiraj ou te jwe boul sa. Si tout fwa ou ta wè ke boul ou jwe a soti epi w pa resevwa SMS ki pou di w ke w genyen, rele sèvis kliyan LISA pou yon ajan ka ede w.
Lè w genyen nan LISA, wap touche GRATIS kelkeswa kote w ta chwazi pran lajan w! <> Ou ka touche nan kabin SogeXpress ki afiche LISA, oswa nan nempòt ki biwo otorize. <> Gwo Lo a se nan santral LISA pou vinn touchel.
Pa gen okenn taks ki soti sou kòb ou genyen nan LISA.
Chak fwa ou jwe nan LISA, wap resevwa yon SMS kap konfime’w saw te jwe a si yo aksepte, se li ki FICH ou. Depi ou genyen, lajan an ap monte sou kont LISA’w menm kote a.
Pou plis enfomasyon sou detay kont LISA'w la, rele nan sèvis kliyan an nan 888.
Ou pa bezwen gen yon tikè nan menw pouw touche prim ou. Ou ka al touche kay nenpòt ajan otorize peye LISA avek telefòn ou genyen avek yon pyès idantite.
Lè'w ap jwe nan LISA, ou ka jwe ak kredi Digicel oswa ou ka rechaje kont LISA ou avèk MonCash ou. <> Nap few konnen, si tout fwa ou ta rechaje kont LISA ou epi ou te genyen kredi sou kont Digicel ou, depi ou jwe kont LISA ap afekte avan kont Digicel la.
Ou ka jwe valè biyè kew vle nan jwèt LISA yo.
Pou fasilite’w genyen nan jwèt la, ou ka itilize mwayen tankou: <> - Boul chans ki ka bòw boul chans ou pou jounen an. <> - Quickpick ki bòw boul o aza. <> - Combo ki bòw tut konbinezon posib yo. <> - Tchala pou entèprete rèv ou yo. <> - Boul rale boul oswa kek kalkil BOLET amatè yo.
Pou kounye sèl sevis LISA ak MonCash ou kapab itilize pouw sere lajan’w.
siw ta gen difikilte pouw kreye kont MonCash, rele nan sevis kliyan MonCash la 202 yon ajan ap edew.
Si toutfwa ou ta viktim yon aksidan grav epi ou mouri, yon fanmi w kapab fè demach legal yo epi vin touche Djackpot ak yon manda oswa yon prèv sètifika desè.
Lew genyen nan LISA ou gen posibilite pouw jwe ak prim ou an, siw te jwe yap touche sou prim ou te fè a. Rele nan sèvis kliyan LISA nan 888 yon ajan ap verifye pou ou.
Yon jwè LISA ka voye kredi LISA selman bay yon lòt moun ki gen kont LISA. <> Pou fè tranzaksyon sa, swiv etap sa yo: <>Tape sou telefòn ou *888*3# VOYEL ALE <> Wap chwazi opsyon 1 an. <> Antre nimewo telefon moun wap voye lajan an sou fòma sa: 509XXXXXXXX <> Antre Kantite lajan ou vle a. Egz: pou w voye100 Goud, antre 100 epi VOYEL ALE. <> Antre kòd sekrè LISa ou a (pin) epi VOYEL ALE. Si tout fwa ou pata ko gen kòd sekrè LISA a, fè sou telefon ou an *888*4*1# VOYEL ALE pouw ka kreye kòd sekrè paw la. <>Depi ou fini wap resevwa yon mesaj kap konfime tranzaksyonw lan, fè *888*2# pouw verifye bakans ou.