RÈG JWÈT YO

Kondisyon pou jwenn aksè a sèvis la:

  • Jwèt ak sèvis Lotto International S.A (LISA) yo aksesib pou tout itilizatè ki gen yon sèvis mobil aktif.

  • Se responsablite chak jwè pou verifye epi konfime presizyon enfòmasyon jwèt yo a lè y ap achte biyè a. Tout tranzaksyon valide yo konsidere kòm definitif.

Kondisyon pou patisipasyon:

  • Genyen 18 lane pou pi piti.

  • LISA ankouraje yon anviwònman jwèt responsab. Aksè a sèvis nou yo rezève sèlman pou moun ki gen pou piti 18 lane. Tout tantativ enskripsyon oswa patisipasyon yon moun ki minè entèdi e sa ap lakòz kont lan fèmen imedyatman.

  • Genyen yon liy telefòn valab pou jwe sou selilè.

  • Anplwaye LISA ak patnè dirèk li yo pa otorize pou jwe.

  • Bay enfòmasyon ki egzat e ajou pou tout enskripsyon ak retrè.

  • Yo pa ka anile, chanje oswa ranbouse okenn tikè valide ak aksepte pou okenn rezon.

  • Rezilta jwèt Lotto International S.A. (LISA) òganize yo detèmine sèlman dapre rezilta ofisyèl lotri Tenesi, Jòjya, Florida ak Nouyòk pibliye yo. Rezilta sa yo pibliye chak jou epi yo se sèl referans valab pou detèmine prim yo.

Orè tiraj yo defini konsa:

  • Tenesi – Tiraj Maten: 10:28 AM (Lè lavant biyè yo fèmen: 10:08 AM)

  • Jòjya – Tiraj Midi: 12:29 PM (Lè lavant biyè yo fèmen: 12:19 PM)

  • Florida – Tiraj Midi: 1:30 PM (Lè lavant biyè yo fèmen: 1:20 PM)

  • Nouyòk – Tiraj Midi: 2:30 PM (Lè lavant biyè yo fèmen: 2:20 PM)

  • Jòjya – Tiraj Aswè: 6:59 PM (Lè lavant biyè yo fèmen: 6:49 PM)

  • Florida – Tiraj Aswè: 9:45 PM (Lè lavant biyè yo fèmen: 9:35 PM)

  • Nouyòk – Tiraj Aswè: 10:30 PM (Lè lavant biyè yo fèmen: 10:20 PM)

  • Jòjya – Tiraj Lannwit: 11:34 PM (Lè lavant biyè yo fèmen: 11:24 PM)

Tout biyè ki achte apre lè tiraj la fèmen, pap konte pou tiraj la.

Tèm ak Kondisyon LISA Lotto - règ lotri Ayiti