KIJAN POU TOUCHE LAJAN W
Touche Djakpòt (BOLOTO, ROYAL 5, LOTTO 5/5)
Kibò pou touche:
Gayan yo dwe vin touche prim yo an pèsòn nan biwo santral LISA.
Randevou:
Yon ajan LISA ap rele w pou fikse yon dat. Ou ka rele nou anvan si w prefere sa.
Sa w dwe pote:
Pyès Idantite ak foto gouvènman an bay (CIN, NIF, oswa paspò).
SMS biyè gayan ou an oswa telefòn ak kat SIM ou te jwe a.
Nan Biwo Santral la wap:
Ranpli yon fòmilè pou gayan.
Fè yon ti entèvyou pou verifikasyon.
Fè yon foto ofisyèl.
Lajan djakpòt ou a kredite otomatik sou kont LISA w.
JPrim djakpòt yo pèsonèl, pa gen lòt moun ki ka reklame yo.
Opsyon Retrè pou Nenpòt Lòt Gen

Transfè MonCash (Touswit)
Transfere lajan sou kont MonCash ou. Sou telefòn ou, konpoze *888*3*3# VOYE. Ou kap touche tou apati aplikasyon LISA a. Itilize yo 24 sou 25 , 7 jou sou 7 pou rechaje, achte, oswa transfere.

Retire lajan kach nan SogeXpress (Menm jou a)
Resevwa yon kòd sekirite sou telefòn ou apre sa montre pyès idantite w nan nenpòt biwo ki bay sèvis la epi resevwa lajan w kach.

Transfè NatCash (Touswit)
Transfere lajan sou kont NatCash ou. Itilize yo 24 sou 25, 7 jou sou 7 pou rechaje, achte, oswa transfere.
Voye bay yon lòt jwè LISA (Touswit)
Transfere lajan sou kont LISA yon zanmi.
Kite l nan bous LISA w (Li pap ekspire)
Kenbe balans ou pou jwe sou tiraj kap vini yo.
Sekirize Bous Ou ak yon PIN
Kreye oswa chanje PIN: Konpoze *888*4*1# → Antre PIN 4 chif → Konfime
Ou bezwen risèt? Rele sèvis sipò nou an; Depi nou konfime idantite w, yon ajan ap risèt PIN lan pou ou ka chwazi yon nouvo PIN.
Delè reklamasyon
Tout prim dwe reklame nan 90 jou apre dat tiraj la.
Apre 90 jou, nenpòt montan ki pa reklame ap pèdi epi LISA pap responsab ankò.
JWENN YON AJAN TOU PRE W
Plis pase 100 pwen MonCash, NatCash ak SogeXpress nan pla men w.
*Depi pèman yo fin fèt, LISA Lotto pap responsab okenn pèt.
Kenbe kòd PIN LISA 4-chif ou a sekrè; depi lajan an fin transfere oswa peye, LISA pa responsab li.
Pwofite gen w yo epi bon chans pou pwochen tiraj la!