Kijan pou touche

Konpliman, ou genyen!

Tout gayan DJAKPOT BOLOTO, ROYAL5  ak LOTTO5P5 dwe vini nan santral LISA pou reklame prim yo.

Yon ajan sèvis kliyan LISA a ap kontakte tout gayan yo pou pran yon randevou.

Kisa ou bezwen

Yon pyès idantite valid ki gen foto ou (CIN, NIF, paspò)
Mesaj ki konfime ke ou genyen an (SMS) oswa telefon ak sim ki te jwe biyè gayan an.

A kisa pou ou atann

A kisa pou ou atann
Gayan gen poul ranpli yon fom, epi poze pou yo pran foto li.
[Montan djackpot la ap otomatikman monte sou kont gayan an – yon pati nan lajan sa ap disponib pou itilizatè a touche li epi lòt pati a se LISA kap jere sa]
Gayan an ka deside touche pa chèk oswa ak yon transfè bankè
Yon lot moun pa ka reklame oswa vinn touche anken prim yon lòt jwè

Pou tout lòt prim yo, kont LISA a ap kredite nomalman epi gayan a ap ka touche kay nempòt ajan otorize MonCash ak SogeXpress

Ou ka voye prim ou genyen an sou kont MonCash ou pou itilize li jan ou vle (Rechaje kont prensipal ou/paye machann/ voye kob bay mou…) sèvis sa disponib 24/7
Pou pipiti 4,000Goud LISA ap peye frè touche MonCash yo pou ou.

Ou ka touche nan yon kabin SogeXpress san danje, annik swiv tout etap yo

Ou ka voye lajan ou genyen bay yon lot jwè, kap pèmèt yon zanmi fè eksperyans de jwet LISA yo.

Ou ka toujou itilize lajan ou genyen sou kont LISA a, pou jwe yon prochenn fwa.

PIN

Kreye yon kòd sekrè, tape *888*4*1# [antre 4 chif -pou valide transaksyon an)
Si yon jwè ta bezwen resèt kòd sekrè li, lap bezwen rele sèvis kliyan LISA a. Apre yo fin idantifyel yon ajan ap reyinisyalize kòd sekrè a epi lap edel kreye yon lòt.

Kondisyon

Prim yo dwe reklame nan yon peryòd ki pa depase katrevendis (90) jou apati dat tiraj la. Apre peryòd sa a, LISA pa responsab pèman prim sa a. Nan ka sa a, jwè a dwe dakò li pèdi tout dwa li sou biyè gayan li.

Touche prim nan SogeXpress oswa MonCash. Tout sa ou gen pou fè sou selilè ou, oswa vizite youn nan ajan otorize nou yo pou fè yon retrè san danje.