SogeXpress

Ou ka touche prim ou byen fasil nan yon SogeXpress ki pi pre ou. Jwenn kabin ou

Gen plis pase 200 kabin disponib toupatou nan peyi a ou ka vizite pou touche prim ou. Jwenn kabin ou

Pou ou touche prim ou nan yon SogeXpress, wap bezwen:

  • Nimewo telefòn ou itilize pou jwe
  • Yon pyès idantite ofisyèl ki valid

Lè ou rive devan ajan SogeXpress la, tape *888*3*2#SEND pou ale nan meni an.

  1. Antre valè lajan ou vle touche a
  2. Peze “REPLY”
  3. Antre kòd sekrè LISA ou a

Wap resevwa yon kòd 4 chif tanporè nan yon mesaj flash pou ou bay ajan SogeXpress la. Ou gen 15 minit pou ou itilize kòd sa a.

Yon fwa li konfime, ajan an ap peye ou prim ou epi yon mesaj ki konfime tranzaksyon sa ap monte sou telefòn ou.

Jwi lajan’w!

*Yon fwa ke pèman an finn fèt, LISA Lotto pa responsab okenn pèt.